Fè tan ak timoun yo

Koman nou dwe pase tan ak timun yo pa kite se moun kap fè travay la nou pi devan nou kap regrèt. Menm si w pa gen tan pran yon jou nan semèn nan pouw fe ti manje li pi renmen an. Pale ak timoun nan bay pawòl li yo enpòtans. Pran tanw pou toujou tande byen sa lap di w.

Anvan l domi li istwa pou li bat pou w fè sa chak swa. Al fè ti mache ak li evite telefòn pandan w ak timoun nan.

Sa ki enpòtan se pa kantite tanw fè ak li a, se kalite a Lè ou ak pitit ou, ou dwe bal tout atansyon. Si li pa jwenn atansyon li ka tonbe nan enpak ak feblès emosyonèl nan adolesans li e menm nan laj majè.
Pitit ou dwe santi w renmen l anpil. Se pa okipe timoun nan sèlman ki konte ou dwe bay anpil afeksyon ak lanmou.