Egzèsis apre akouchman

Nou pral edew pran fòm kòw apre ou fin akouche,swiv ti konsèy sa yo
Posti
Benefis:Aprann leve timoun nan byen depi sou jan wap prann lan sou kaban nan,lè wap bezwen pou pranl sil atè pouw ka evite doulè nan do epi pouw pa soufri anba ti vant,matris.

Kijan pou fè sa?
Kanpe devan yon glas ak ti bebe a nan menw pouw ka korije kòw,chache fè yon efò kontre kite youn nan pye yo atè epi apre mete lòt la bò jarèt ou epi fè kòmsi wap monte tankou yon moun kap ralew,siw pa gen ti bebe a nan menmw ou ka kenbe yon bagay ki yon jan lou se jis pouw gen yon pwa nan menw.

Tonifye misk
Fòs misk yo egzèse yo necèse pou bay basen an estabilite,tonifye yo se pi bon fason nou ka rekipere fòm nou apre akouchman.
Kijan pou fè sa?
Kouche sou do pliye jenou yo mete yon boul oubyen yon sèvyèt nan mita pye yo pou pye yo ka byen dwat,respire apre leve sentiw jiska do apre sa desan tou dousman.

Detire kò
Sa ap edew relache kò a,anpil fi pa tonifye vant yo se paske vant yo pa toujou rete gwo
Kijan pou fè sa?
Kouche sou do detire pyew,pran yon sentiwon pasel anba pye yo epi detire byen detire pyew ak men w apre leve pye yo ansanm anle fè sa jiskaskew pa kapab ankò.
Sa yo se kèk ti egzèsis basik nou ka fe apre akouchman sitou pa bliye konsilte yon doktè anvan nenpòt bagay