ki enpòtans anana genyen?

Anana bon anpil pou sante se pa gou li gou sèlman,men gen anpil bagay li fè tou nan kò a,li bon pou moun kap fè rejim,li boulè grès.Nou pral diw lòt bagay li fè ankò,ak poukisa li bon pouw manje anana?.

Pwopriyete nitrisyonèl epi li sèvi tankou medikaman
Li rich nan kabòn,kòm yo pa absòbe rapid sa fèl vin bann fòs pou plis tan,li gen mineral ak fè mayezyòm,yòd,Manganèz.
Anana gen vitamin A gwoup C ak B,yo fè anana vin yon sous antioksidan kap konbat radikal lib ak ralanti vyeyès,85% anana se dlo pou rasazyew,idratew.Fri sa eden boulè grès,yo toujou rekòmande moun ki gen varis,obès pou yo mangel,li gen pwopriyete kont enflamasyon,fib li yo ede nou al nan twalèt pi souvan,li evite konstipasyon.

v

 

Yon lòt mineral anana gen ankò se potasyòm ki elemine likid yo pi souvan,li evite enflamasyon anplis li pirifye òganis lan.Anana bay sistèm iminite nou plis fòs poul ka konbat kont ajan patojèn kap vin antre pou detwi òganis nou.
Li Egzèse yon bagay ki anpeche san kaye,li bon anpil pou moun san yo pa sikile byen.Siw ap fè rejim oubyen ou pa vle vin gwo wap kontwole gwosew ebyen anana tap bon siw antrel nan lis manjew yo paske lap edew elimine likid epi li pa gen anpil kalori.

alasan-nanas-baik-untuk-kesehatan-perempuan-umtZkMGNU5

 

Anana bon pou rim,tansyon wo,li geri blesi,gras ak anzim li yo, li evite malès nan entesten,li anpeche timè yo grandi,li retire gaz,enflamasyon nan vant,elimine parazit nan trip.

Nou konnen anana pa vann pou piyay men lè epòk li pwofite manje nou panse lap pi ekonomik