Pa janm bliye lave menw ak savon

Jodia nou vin pataje ti konsèy sa yo ak ou menm siw ta prese pigaw janm lave menw san savon.

1.Lave men w ak dlo sèlman pa ase,se yon bagay moun plis fè nan mond lan lave men yo san savon se pa menm efè a lèw lave menw ak savon,paske savon an edew retire salte,li pèmèt ou fwote men yo pi byen,li retire mikwòb ki nan men an sa pa difisil ou ka lave menw ak nenpòt savon nan sans sa tout fè menm bagay la.

2.lave menw ak savon evite anpil mikwòb ki tiye yon ekip timoun piti chak ane
li evite dyare,enfeksyon sou po,enfeksyon je,vè nan trip,grip menm nan zòn ki pi pòch yo

IMG_0324

3.Men ta dwe lave avèk savon apre w fin itilize twalèt,apre w fin netwaye poupou yon timoun oswa apre nenpòt lòt kontak ak matyè fekal,anvan ou manyen manje ,lèw sòt nan lari,pou nou byen diw depi wap lave menw fòw lavel ak savon.Men yo prensipal nan pote bakteri ki lakòz anpil maladi.Li enpòtan pou nou lave men nou nan moman kritik sa yo.