Kòman pouw di mari w wap kite avèl?

Gen moman nan vi a pou yon rezon oubyen pou yon lòt,yon moun deside pran chemenl poul sove vil.Nou pral baw kèk konsèy ki ka edew pale pi fasil ak moun ou marye a pouw ka edel konpran se yon desizyon kap bon pou nou de a.
Jan nou diw la kite ak yon moun se pa yon bagay ki fasil ni pou moun ki pran desizyon an ni pou sak dwe aseptel la deja nou konnen lanmou se abitid.

 

Anvan tout bagay ou bezwen pouw pran yon bon desizyon apre pouw pa regrèt,fòk ou ka respekte ak pran responsabilite ou apre sa.

 

Al dirèk nan sa wap di a pa pase sou kote,ni envante lòt bagay,pa bay manti,kew konnen sa fè yon tan sa paka mache byen nan mitan nou,jis pale kle ak moun nan,si wap bay manti moun nan ka wè sa,epi menm kote a yon diskisyon ka fèt fòw evite manti,si sa paka mache pou nou apre 10 lane maryaj pa gen chwa pou nou rete nap fè tèt nou tò,chak moun ap viv pou yon vi miyò nan vi sosyal ak emosyonèl,youn pa dwe enpoze sou lòt.

ChapterTwo-Managing_Responses_in_an_argument

 

Chwazi yon kote pouw dil sa,yon kote ki pa gen moun kap entèwonp nou,ni bagay kap distrè nou,pale avèl byen dousman yon fason poul konpran poukisa ou pran desisyon sa,mete nan tèt ou reyaksyon lòt moun nan ka varye rete trankil menm siw wèl nève eseye kalme l pouw ka fini ak konvèsasyon an san pwoblèm.
Sa ka rive lap chache tout kalite bagay poul diw pou sa pa fèt kanpe sou desisyon w san bouje epi preparew pouw repon ak nenpòt kesyon li ta vin pozew.

 

Evite tonbe nan pyèj lèw kite avèl,pa resevwa mesaj tèks,ni imel jis koupe tout kontak avèl apre gwo desisyon sa.Si moun sa enteresew vre li gen anpil siyifikasyon nan viw,ekril pou yon denye fwa pouw ekplikel men poukisa nou paka kontinye viv ansanm.

Nou pa konn nan ki sitiyasyon ou ye ak mariw men nan nenpòt saw ta ye a,siw wèl pa bon pouw kitel ou paka fè viw ap pale ak yon moun sou yon sèl bagay,epi se Bondye ki chanje moun,moun pa chanje pou moun.