Enpòtans ki genyen si nou bwose lannwit

Sak enpòtan se bwose 3 fwa nan jounen an men epa tout moun ki rive fèl
Poukisa li bon poun bwose lannwit?

Li enpòtan poun bwose lannwit paske pandan nap dòmi glann yo sekrete mwens krache vin gen plis bakteri ki devlope kòz yo pa janm elimine yo akimile jiskaske yo vin fè jansiv la ak dan vin gen kari sa ka lakòz yon moun pèdi mezi dan nan bouch li.

 

Fòk nou gen yon abitid bwose pou pi piti 2 fwa nan jounen an jiskasken rive fèl 3 fwa

Fòk nou toujou fè efò poun bwose anvann dòmi,konsa na evite anpil maladi nan bouch la tankou enfeksyon ak move sant.

Itilize yon bwòs dan ki pa tèlman di,pwent won epi tèt piti poul ka antre tout nan kwen nan bouch la byen,pa bliye chanje bwòs la chak 3 oubyen 4 mwa.

Kenbe bwòs la a 45 degre kote dan jwenn ak jansiv la,bwose anwò anba fòm sikilè pa fèl ak twòp fòs poun pa plese,sin bwose fò ka vin gen yon espas nan dan ak jansiv la kote sa ka lakòz yon enflamasyon.

 

Bwose tout kwen bouch la,dan,lang elatriye,fè sa devan al dèyè,lèw bwose lang lan sa evite yon plak blan kouvril ki lakòz bakteri ak move sant nan bouch la,pa neglije bwose lang nou se pa sèl dan yo.
Itilize fil poun netwaye kwen dan yo,li te mèt yon fwa nan semèn nan pandan nap bwose anvan nou dòmi.
Mezanmi pi bonè se granm maten,menm jan nou pase tan nan fè lòt bagay bay 5 minit pou nou byen netwaye bouch nou sitou lannuit anvan nou dòmi.