Eskew konn kijan pouw pran zwen cheve blan ou yo?

Kòm se pa tout fi ki renmen cheve blan siw fè pati de fi ki renmen cheve blan yo,nou pral diw kòman pouw pran zwen yo,idrate yo.
Sèvi ak chanpou ki bon:Sèvi ak pwodwi espesyal pou cheve kap vyeyi yo,chanpou sa yo fèt pou sa menm,yo ka idrate cheve a paske cheve a merite klere epi swa menm sil blanch.

Tretman anti laj:Yo itilize yo apre cheve a fin lave li pwoteje cheve a epi li fè yo briye plis toujou

Koupe pwent cheve:Chak 2 mwa ou ta dwe koupe pwent cheve yo pou yo ka pouse epi toujou rete bèl anpil fwa pwent yo konn pouri.

unnamed (8)

 

Fè atansyon ak sa nap manje yo:Nou konseye ou manje bagay ki rich nan vitamin A ak B,chak 15 jou ou mete yon anpoul ki gen vitamin sa yo tou.

Mask idratan:Cheve blan yo sèk anpil se sak fèl konn difisil pou penyen,ebyen ou ka fè nenpòt mask natirèl idratan lakay ou oubyen wal bay fèl pou ou nan salon.

Amelyore koulè cheve yo:Ou ka fè sa ak chanpou oubyen wale nan salon ou mete koulè lap parèt pi bèl toujou.
krèm pwoteksyon kont solyèl:Solyèl la desitrate cheve blan se poutèt sa si o si ou bezwen yon krèm solyèl pou chev a ki pou edew pasel anvanw soti nan lari sitou peyi nou fè cho tout ane a.

Men si cheve blan yo ta parèt nan tèt ou anvan 50 lane oubyen apre 50 lane sa pa vle di se ti granmoun ou ye,ou pa dwe konpotew tankou yon moun ki fin vyeyi paske w gen cheve blan se lè sa pouw fè plis chèlbè,fè stil ak yo pouw ka parèt pi bèl toujou.
Nou baw yon defi pou leve,nap tan repons ou