Vi yon koup marye ta dwe pi bèl chak jou

Pigan janm rate fè ti jès sa yo chak jou

1.Kòmanse jounen an ak yon bo epi finil avèl

2.Toujou kite bag maryaj nou nan men n,tanzantan pase menmw sou li sonje kòman nou fè ansanm jodia ini pou lavi.

3.Soti avèl li te mèt yon fwa nan sèmen nan

4.Aprann viv ak defo youn lòt

5.Bat pou toujou gen respè youn pou lòt sa se yon pwen enpòtan nan relasyon an

couple-1263498__340

6.Pa pèdi souriw bat pouw toujou ap ri wap toujou jwen yon rezon pou sa

7.Toujou bay kado pa tan se lè fèt moun nan oubyen yon jou espesyal li te mèt yon ti sirèt ,yon mouchwa bay piti pa chich.

8.Toujou ap ri pa kite souriw derye,wap toujou jwenn yon rezon pouw ri

9.Pote manje maten sou kabann youn pou lòt lè nou pa al travay

10.Al pran masaj ansanm sa ap fè nou repran fòs lèn fatige

11.Pa bliye felisitel 2 fwa nan jounen an pou yon bagay li fè ,toujou bat poun ankouraje youn lòt

12.Rele youn lòt pandan nou nan travay nan lè poz nou,abitid se vis gen anpil bagay si nou gate ak yo, nou pa kwè ap gen tou vid ni plas pou yon lòt moun antre nan mitan pou etèn lanmou sa,pa bliye lanmou se abitid tou

 

Plen lòt bagay ankò ou ka fè nan maryaj ou poul ka toujou gen pi bèl chak jou.