Benefis jalouzi

Kle a se aprann kontwole jalouzi si non lap yon maltèt nan relasyon an

Eske w ta renmen konn benefis li yo?

Jalouzi montre angajman nan koup la.Dapre yon etid nan “Inivèsite Arizona”sansasyon sa pwouve si relasyon an ka grandi
Moun yo santi yo flate,lè yap diskite atansyon oubyen lèl wè yon moun ap lite pou li

 

Ak jalouzi ou ka rekonèt ak moun ou ye a tout bon,si moun nan fache oubyen bezwen kèk ekplikasyon sil te wè w ap pale ak yon lòt moun,ou mèt santi w fyè paske se pa tout moun ki fè jalouzi pou moun yo,sa se yon prèv ke moun nan pa vle pèdi w pa panse se kontwole li vle kontwole w.Si moun nan pa baw regle anyen pou li sa se yon siy ke w pa entèrese l.

Pou koup ki ansanm lontan,jalouzi se yon siy ki mete dife nan relasyon an,anpil pasyon sa vin rann relasyon seksyèl yo pi entans

angry-woman-arguing

 

Jalouzi depan de nati linyon an,lè relasyon an gen twòp pasyon vin gen pè pou yon enfidelite seksyèl,men le gen gwo lyen emosyonèl gen pè pou sa pa fini yon jou.

Aprann kontwole jalouzi yo,lap ede w jere emosyon w pi byen.Se poutèt sa pran desizyon ak anpil sajès.
Bay epi resevwa tikal dòz jalouzi ka benefisye relasyon w,pa bliye kle a se jan w kominike santiman sa.