Enpòtans fwi nan rejim alimantè chak jou

Fwi yo se manje ki rich nan antioksidan,sak vin fè yo itil nan anpeche kèk manje.Fwi a gen sik natirèl li,se yon kabòn ki absòbe vit se fè sik se yon sous enèji.
Fwi ede nan dijesyon lòt eleman nitritif yo,li ogmante volim entesten, ki ede kontwole apeti epi anjeneral bay plis sekirite nan manje,menm sil fre oubyen sèch.

 

Pou pran avantaj tout eleman nitritif sa yo nan gen bagay ou bezwen konnen lè wap achte,chwazi sak pa frape,ni sak twò mi sa ka fè yo pa fè anpil tan epi vin lèd rapid.

fruit-2806572_960_720

 

Lè nap sere l mete l yon kote ki pa gen imidite sanw pa mete youn sou lot,yo fwi ki mi anpil fè lòt yo vin mi pi rapid.Anva nou manje fwi yo lave yo,pa kalel sanw poko pral manje l sa ka fèl pèdi vitamin li.

 

Fwi bon pou sante je,bon fonksyon nan sistem neve a epi kenbe nivo presyon an wo gras ak mineral sitou potasyòm ak mayezyòm,gras ak tout avantaj fwi genyen li enpòtan pou yon moun ta manje fwi chak jou.
Lè l fè cho se yon sous idratasyon pou kò a paske li pa gen anpil gres.Yon rejim ki rich nan fwi pap gen anpil kalori,lap bay vitamin ak eleman nitritif òganis lan bezwen.