Kouman pou fè pou kèk bagay pa fè w sonje l

Lè yon moun nan yon relasyon,tout bon bagay lap viv yo,li relasyone yo ak moun espesyal sa a,li gendwa yon chan,yon manje w konn manje lè w rive ap tande chan sa oubyen manje manje sa pa gen lòt moun ki anfas ou ke moun sa,menm si sa gendwa gen anpil tan nou pa ansanm,men tout bagay monte nan tèt ou kòmsi se te premye fwa.
5 pa pou w pa gen doulè lè w sonje souvni ansyen mennaj ou

Aksepte relasyon an fini,nan pwen sa ou pa bezwen ap bay tèt ou pwoblèm pou sak te pase a, tout bagay fini,apre w fin soufri li lè
pou w di ase te gen twòp doulè .
axilas

Di orevwa ak moun ki fè w mal,si presans li fèw mal ebyen se lè pouw kitel ale,sil pa ak ou gen rezon ki fè nou pa ansanm
konnen pase pa prezan,idantifye rezon ki fèw sonje la,si se yon chan,imaj elatriye sonje se nan pase tout ye,sa se prezan w,li menm li pa la ak ou.

Asosye bagay yo ak lòt souvni,tande chan lèw pou kont ou epi asosye l ak lòt bagay,pa kite pase monte nan tèt ou
Eseye idantifye lòt souvni,siw rive asosye chante a ak lòt bagay ,idantifye bagay sa yo ki relasyone ak ou a,bat pou w fè tèt ou plezi,tande lòt chante lanmou w te renmen depi nan jèn laj ou.

Chak fwa ou kite yon bagay blese w paske w vle,se yon dezisyon ou pran,ou jis chwazi soufri,jiska kilè wap konsa?
Kòmanse chanje panse w,premye gerizon an kòmanse ak ou, menm depi andan,lè w fèl konsa ti pa ti pa,ou pral gen fòs pou fè fas ak sa wap wè yo.