Kijan pou evite zong frajil?

Anpil bagay ka gate zong yo epi rann yo frajil,gen anpil okipasyon se vre men pa janm bliye pran swen zong ou,se pa lè yon fèt,maryaj pouw netwaye yo,lè yo manke idrate,kras se youn nan bagay ki ka fè zong lan ap fann nan kwen yo,se kote ki pi fè mal

Fi jounen jodia gen anpil aktivite nan kay,travay,men yo vle toujou rete bèl,zong yo ladan tou,kijan pou evite zong yo frajil?mete konsèy sa yo an pratik epi chanje kèk abitid.
Toujou lave asyèt yo ak gan

Ou dwe aplike sa tou lè wap lave atè,fenèt,elatriye,pwodwi netwayaj yo fèt ak pwodwi chimik ki domaje po ak zong,anplis si yon moun nan dlo cho ak frèt souvan li pa bon pou men an.
Konsome plis pwoteyin ak asid gra

Anpil fwa zong yo fèb paske kò a manke eleman nitritif,wap gen pou revize sa wap manje,kòmanse mete vyann blan,ze,vejetal vèt,soya pou ka gen plis pwoteyin.Nan ka asid gra,nou jwenn nwa, lèt,lwil ak grenn.
Reparasyon zong yo

Siw gen yon zong ki kase,ou ka koupe l oubyen limen l,menm sil ap parèt diferan ak lòt yo,ou ka koule yon ti kal papye te sou li,lèl fin sèch limen l epi pase kitèks sou li.

uñas2

Kenbe zong ou kout
Nan moman sa se yon kesyon de bèl zong,men li tap bon pouw evite yo rache tou,pa retire kitèks yo ak men w,wap kòz zong lan fèb,zong lan gendwa,long,bèl epi li pa ansante,sak enpòtan se swen an.

Fè atansyon ak pwodwi zong yo
Limite itilizasyon asetòn,chache kijan pou retire kitèks natirèl,li gendwa sevyèt ak lwil natirèl(lwil kokoye,lwil oliv,elatriye)yo rekòmande pou moun pa itilize fò zong paske yo fè pa w la vin fen,li pa bon pou zong yo toujou gen kitèks.

Pa mode,pa rache ni mete yo nan bouch ou,yo pa zizo pa ouvè bwat ak yo,bagay sa yo se vye abitid kap detwi zong yo.Fè yo yon fwa nan semèn nan,ou ka ale nan salon oubyen ou fè yo lakay ou,pa janm bliye yon bon ekfolyan masaj ak lwil esansyèl oswa oliv.

uñas3