Abitid yon bon manman,eskew se yon bon manman?

Gen anpil bagay nan tan sa ki ede manman yo plis toujou nan sa yap afronte chak jou.Dapre yon etid ki fèt nan Etazini montre ke nan premye mwa timoun yo jiska 12 lane yo,gen anpil aktivite paran fè ak yo,nan etid sa yo dekouvri kèk abitid ki ka fè yon moun vin yon bon manman li te mèt nan mitan jounen an,ou te mèt pa gen anpil tan aprann fè ti espas pou yo.

Nap pataje yo avèw:
Pale ak timoun yo:Nenpòt laj li genyen an toujou pale avèl chak jou,yo pwouve 90% vokabilè yon timoun genyen jiska 3 lane se nan paran li aprann yo.

 

megan-on-chair-1251205

 

Li:Fè efò 20 minit pa jou pou li ak yo,se pa anpil tan pou aprann timoun yo li,wap wè lap bay plis pèfòmans ke anpil lòt timoun nan klas li paske anplis de lekòl la li gen yon sipò lakay li.

 

Jwe:Pa anpeche timoun yo jwe,gen paran ki pa renmen timoun yo jwe ak lòt se jis timoun yo ye,wap toujou wè yo atire pa lòt timoun parye yo.

 

Limite yo ak televisyon:Pa kite yo pase tout tan devan televisyon ap jwen sa ap redwi nan pratik lekòl li,ba yo yon lè pou yo gade pou evite yo pase twòp tan nan televisyon.

 

Ankouraje aktivite yo:Pemèt yo devlope nenpòt talan ou ta we timoun nan gen lakay li pa kache talan yo kitel pratike demen ki ka vin yon benefis non sèlman pou li men pou tout fanmi an.

 

FotonO.3talentos

 

Ambraze:Karès yo,fè ti bo pou yo,pa janm bliye bal anpil afeksyon ak timoun yo leve yo nan anpil lanmou konsa demen nap evite timoun nan viv byen ak fanmi pal tou paske yon bon afeksyon jodia se anpil bagay pou demen,gen timoun ki vyolan men se pa fòt li,lè lap eksplike kòman vil te ye lèl te piti sa fè tris anpil.

 

Nou espere tankou manman ou fè pati paw la pa gade sou papa sèlman pou bay timoun nan atansyon oubyen bal presyon,leve timoun yo nan lanmou youn pou lòt.