Kouman pou kenbe yon akwaryòm pwòp?

Premye bagay se gen yon filtè.Gen plizyè kalite (mekanik, byolojik ak chimik),men yo plis rekomande youn byolojik,lè nou mete pwason nan akwaryòm nan yo tou gen bakteri sou ko yo,yon filtè byolojik ap ede dekonpoze sibstans sa a nan lòt mwens danjere,tankou nitrat,kap ede pwason yo viv byen.

Li enpòtan yon veso plastik pou pote dlo ou pral mete nan akwaryòm nan epi veso sa pa dwe sèvi nan lòt bagay ke pou pote dlo nan akwaryom nan.

Dlo pou netwaye ni mete nan akwaryom nan dwe bon kalite,eponj, twal netwayaj dwe sel pou li,pwodwi yo dwe espesyal pou devwa sa

Po kòmanse netwaye dekonekte akwaryòm nan,sa vle di pwosesis sa dwe fèt byen rapid,pa retire pwason yo,paske chanjman nan anviwònman ak kondisyon yo ka jenere estrès.

filter-2337802_960_720

Retire filte a netwaye l ak dlo,gade sil merite chanje,dekorasyon tou dwe netwaye,retir deyò nan akwaryom nan epi netwaye ak eponj,si kote yo piti pran yon bwòs danm,mete yo bouyi nan dlo pandan 10 minit,kite yon sèch natirèl apre mete yo nan akwaryom nan yon fwa yo pwòp.

Vanvanw mete dlo pwòp la.fòk ou asire w li gen menm tanperati ak tank lan,sa a se reyalize ak yon tèmomèt.Dlo a dwe ranplase dousman ak anpil atansyon pou altere pwason yo.

Li enpotan pou pa plen akwaryom nan dlo,sak bon pou pwason yo se kite yon epas ant bouchon ak dlo a,li pemet yo gen yon pi bon kondisyon pou respire,yo pwodwi yon echanj efikas nan oksijèn ak diyoksid kabòn.

colored-aquarium-pebbles