Pwoblèm ki pi komen nan viv ansanm

Kesyon sa tout moun preske ap poze l oubyen pe al viv ansanm ak yon lot paske yo pa konn sak ka pase.Pou klarifye tout dout ou yo nou pral pataje kek bagay enpotan ak ou sou tem nan.

Viv menm kote pa vle di sakrifye entimite chak moun konseve respe tankou chak koule penti,asire w gen yon plas pou ou selman epi yon lot pou patne w kote chak moun gen bagay pesonel yo sa fe pati viv ansanm lan.

 

Youn nan ere ki komen se domine tan lot la ,chak moun gendwa deside ak kiyes yap pase tan lib yo,pou ka gen bon jan relasyon nan kay la fok youn pa chita sou tet lot,men pito koure lot la nan tout sak pozitif depi lap bon pou li ,le w pa konsidere aktivite patne w se yon mank respe.

 

Li enpotan depi nan komansman poun konnen kijan depans nan kay la pral fet,ki moun kap peye sa epi chak kile,tou 2 moun yo dwe gen yon objetif komen konsa le gen sipriz relasyon an pap tranble.

 

Televizyon
Se yon gwo batay paske li difisil pou tou 2 moun yo gen menm gou pou yon fim oubyen seri,chak moun ap bezwen kite televizyon an sou sa yo renmen.

Lòd
Tout moun pa pwop menm jan,moun nan gendwa pwop,men li neglijan ,sa pase nan plizye relasyon nan sans sa yo ta dwe kolabore pou kay la ka toujou pwop.
Manke fè sèks
Pafwa viv ansanm kon koz pasyon an pa menm jan nan koup la ,pou konseve l se jis yon ti efo nap bezwen fe ,menm si nou fatige fok gen yon ti moman entimite lap fe n byen.

Manke atansyon
Sa se ton lot pwoblem anko pafwa moun nan bouke plenyen nan mande pou yo fe yon ti voye je sou li ,pa kite patnew deye nan ti aktivite wap fe,planifye yo ansanm,kreye tan pou 2.