Ou te konn benefis chokola yo?

Dapre yon etid lè chokola pi nwa,li gen plis benefis,toujou bat pouw chwazi chokola ki gen 65% kakawo oubyen itilize poud kakawo oganik.

1.Anpeche maladi kè:Chèchè Britanik yo analize 7 etid sou chokola ak maladi ke yo jwenn moun ki manje plis chokola redwi risk maladi ke a jiska 35% mwens pou maladi sa,ke sa ki manje mwens.
2.Diminye risk maladi nan tèt:chèchè Syèd yo montre nan yon etid,fi ki manje anpil chokola gen 20% risk mwens pou maladi sa.
3.Ogmante bon kolestewòl la:Yo kòman konsidere chokola nwa kòm youn nan bagay ki redwi kolestewòl gras ak bè kakawo a.Bè kakawo a gen yon asid ladan se menm li menm ki nan lwil oliv la,grès sa ka ogmante kolestewòl nan san an.

chocolate-2290251_960_720

4.Diminye tansyon:Yon etid nan peyi Almay montre chokola ka diminye tansyon an
5.Amelyore vizyon:Chokola nwa ka gen yon bagay an komen ak kawòt,Chèchè Angle yo montre 30 granmoun ki vin wè pi byen gras ak chokola nwa yo te manje pandan yon tan.
6.Anpeche kansè:Chokola gen nan eleman nitritif li yo ki kont kansè,dapre yon etid yo we moun ki manje mwens chokola develope plis kansè ke sak manje l plis.
7.Li ede viv pou plis tan:Yon etid nan Inivèsite Haward montre youn nan chak dòs chokola nwa chak jou ka ede viv pou plis tan.