Dlo dezentoksikasyon pou yon vant plat

Li bon pou nou rive bwè kantite likid kò nou bezwen pandan tout jounen an.Dlo sa fèt ak fwi tankou:frèz zoranj ak fèy mant,dlo sa idratan anpil,rafrechisan,dezentoksike ak ede elimine toksin epi pèdi pwa.

Engredyan:

1 zoranj
6 frèz
10 fèy mant
4 tas dlo

strawberry-drink-1412232_640

kouman yo fè l?
Koupe zoranj ak frèz an divès moso
Vide fwi ak fèy mant lan nan yon bòl epi mete dlo
Kite dlo a repoze jiska demen,plis tan l fè,plis gou lap genyen
lèw fin bwè dlo a ou ka fè ji ak fwi a oubyen manje l tou

Bwè dlo sa pandan tout jounen an,sa ap ede w pèdi pwa ak rete an sante