Itilizasyon ak benefis lwil oliv

Pwopriete lwil oliv
Lwil oliv amelyore fonksyone kè a ak anpeche atak kè
Benefis lwil oliv pou lasante se:
Favorize absòpsyon eleman nitritif yo
Amelyore transpò nan trip la
Redwi asid
Ede pèdi pwa
Itilite lwil oliv pou bote
Lwil pou kò a
Li ka itilize tankou yon idratan pou kò a,li idrate kò a epi anpeche l sèk,li rekòmande pou pase apre yon moun fin benyen paske pò yo ouvè lap tou absòbe lwil la.

Onemodel-smile-1024x654

Cheve
Yon sibstans ki benefis pou po tèt la epi fè cheve klere,ak lwil oliv cheve a ap pi ansante,pou cheve gra yo se sèlman nan pwent,pou cheve sèk depi nan rasin nan.

Zong
Zong yo tou bezwen idrate pou yo ka pouse ansante ak fòs,pase tikal sou kote yo paske se la yo kòmanse pouse
Pou rase

Li bon pou moun rase,ou aplike yon tikal nan men,apre fwote l nan pye w,apre pase raswa a janw konn abitye fèl,li ede pye yo rete idrate.
Anplis li kite po a lis ak mou.