Gen kèk doulè ou pa ta dwe inyore

Siw santi doulè sa yo souvan pa neglije al kay doktè tou swit

1.Doulè nan do chak jou

Ou santi dow ap fèw mal,aprew fin pase yon jounen chita?siw pran yon pozisyon ki pa bon pou misk yo,sa ka fè yo kontrakte epi pwodwi enflamasyon ak dezekilib kolòn konplètman,li enpòtan pouw al kay yon espesyalis pou yo ka ede w.

2.Anpil doulè nan peryòd ovilasyon

Preske 20% fi santi doulè pandan yap ovile,sak pi komen an se yon doulè yon sèl bo vant lan,de semèn apre règ la,toujou sonje anvan tout bagay se santew ki pi enpòtan,siw tonbe ou pap ka fè youn nan saw tap yo ankò,pa kite twòp tan pase pouw pa al wè yon doktè.Ou pa janm konnen li ka yon kis nan ove oubyen yon bagay ki pi grav tankou apendisit siw santi sa baw anpil pwoblèm kouri kay doktè.

3.Doulè pandan sèks
Yon vagen ki gentan mouye pi fasil pou penetasyon an fèt se yon bagay nòmal,si gentan gen sèks anvan moun yo rive nan nivèl sa la ap gen ti blese kap fèt,sa pa tèlman nòmal paske gen de stil doule 1)sipèfisyèl kote moun nan ap santi doulè a nan pa deyò.2)Doulè pwofon,kote ki ka gen yon pwoblèm entèn tankou:fibrom oswa andometryoz yon maladi
Ki fè tisi yo grandi deyò matris la ak chita nan kèk lòt pati nan vant lan.Li bon pouw kouri al kay jinekolog ou.

unnamed (6)

4.Maltèt koz ou bwè yon ti diven
Souvan moun nan leve ak yon doulè tèt nan maten apre yon ti diven li te bwè nan yon fèt,si se yon gwo doulè gendwa se tolere kò a paka tolere alkòl.

5.Apre egzèsis
li rele doulè miskilè anreta se yon siy ki montre ke misk yo domaje.Men pozitivma yap repare ak ranfòse.Siw santi doulè yon sèl kote ki vin ensipòtab,li ka yon move mouvman,dechiri elatriye,tout bagay sa yo dwe revize,pi souvan se pran yon ti repo.