Pitit mwen gen vè,kijan mka eliminel?

Gen de kalite vè sak jèn yo viv nan ti trip,adilt yo fen tankou yon fil blan epi yo viv nan gwo trip la,sa yo antre nan dèyè a lèl aswè.Li posib poun wè yo nan twalèt,sak kouvri ze yo gonmen epi yo kòz iritasyon ak gratèl poutèt sa timoun nan ka ap plenyen dèyèl ap pikel.

Sentòm:
1.Sentòm yo anjeneral kòmanse de a kat semèn apre enfeksyon an.Sak pi komen yo se gratèl ak pikotman nan dèyè,li plis entans lannwit.
2.Pwoblèm tankou,somèy ajite,chimerik,reveye souvan,move rèv
3.Souvan li akonpaye ak epidemi nan zòn jenital la ki lakòz iritasyon,enflamasyon ak anpil gratèl.
4.Nan ti fi,vè yo ka rive nan vajen oswa nan kanal pipi a,sa ka kòz iritasyon,gratèl,ekoulman oubyen malèz lè lap pipi.
kontaminasyon an fasil swa pa enjèstyon (Souse objè oswa men nan ka timoun piti),konn gen ze lòt bèt kap vole ki bay yo tou se poutèt sa depi yo detekte yon timoun genyen,tretman dwe fèt pou tout fanmi an.

Tretman
Gen anpil medikaman ki ka trete maladi parazit sa bay,nan timoun kou granmoun,poutèt sa li tap bon siw konsilte yon doktè,yon fwa ou gen medikaman pranl jan yo diw pouw pranl lan pou w ka eliminel parazit la nèt.

Dezenfekte rad timoun yo espesyalman pijama,sèvyèt ak dra,lave yo anvan ak dlo cho.Premye jou yo pran medikaman an,evite souke rad yo,pou ze pa gaye nan lè a.Li rekòmande pou bay timoun nan remèd vè de fwa nan ane a,men yon doktè ka diw ki chemen pouw swiv ak pwoblèm sa,pou timoun ak fanmi an pa soufri enfenksyon ak kadav vè yo oubyen lòt kalite parazit.