Kijan pou prepare lèt zanmann lakay ou?

Lèt zanmann se yon sous vitamin,kalsyon ak pwoteyin ki ka bwè chak jou pou n jwi benefis li yo,konpare ak lèt bèf li pa laktoz,li pa gen anpil kalori ki fè li bon pou nenpòt kalite rejim.
Li pa gen okenn kolestewòl epi li bay omega-3 asid gra,ki asosye pou netwaye san an ak yon bon sikilasyon.Sak bon nan pwodwi vejetal sa seke li gen yon bon gou nwa.

Kijan li prepare?
Li pa difisil,nou pa kwè lap pranw 10 minit
Engredyan:
1 tas zanmann (155 g)
3 tas dlo (750 ml)
1 baton kannèl (si ou vle)
1 ti kiyè esans vaniy (5 g)

almond-milk-1623610_960_720

Pwosesis:
Mete zanmann nan tranpe nan yon bòl ak dlo kitel fè tout nwit lan,asire ke dlo a kont paske fòk zanmann nan vin gonfle.Nan denmen,renze l byen apre blendel ak 3 tas dlo a jiskaske l tounen poud,apre koulel nan yon paswa,mete l nan yon boutèy kristal,siw mete baton kanèl la lèt la ap konsève pi byen,pa bliye mete esans lan poul gen yon ti gou anplis.

leches-vegetales