Sewòm nourisan ak natirèl pou cheve

Jodi a nan atik sa nou pral aprann ou kijan pouw fè pwòp sewòm natirèl pouw nouri cheve w.Pou n kòmanse sewòm se yon sibstans ki gen anpil konsantrasyon aktif,li bon pou amelyore cheve ki maltrete,sak gen koulè,li minimize domaj ki fèt ak fè,pwoteje cheve a kont solèy ak anpeche pèt cheve.

 

Dapre Juan Manuel Cativa estilista de Pantene”sewòm ede cheve a retwouve sante ak swavite kote n panse patap gen solisyon,se yon pwodwi pou cheve ki gen anpil konsantrasyon atif pou trete cheve ki aje ak anpil domaj. ”
Premye sa wap gen pou w fè se bat pou jwenn 3 lwil sa yo

Lwil Kokoye
Lwil Zaboka
Lwil Jojoba

optimized-33525673836_f1fac2282b_z

Ou ka itilize lwil zanmann tou,pou melanje tout engredyan sa yo,itilize dlo mineral,jel lalwa ak gliserin likid
Kòm ou konnen l deja chak engredyan sa yo gen yon pwopriyete inik

Lwil Jojoba ogmante swavite cheve a,li fèl briye plis ak bal fòs gras ak vitamin E li genyen anplis li idrate ak kontwole eksè gra nan cheve a.

Lwil zaboka pote vitamin A, B, D y E.Nouri ak fè cheve a swa anpil,favorize rejenerasyon cheve a.
Lwil kokoye se yon bon idratan li elimine kap nan po tèt la,Kenbe imidite ak rejenerasyon pandan lap fè cheve a swa
Kijan pouw fè sewòm sa pandan w lakay ou?

Lèw fin jwenn 3 lwil sa yo,mete 15 ml nan chak,nan yon ti boutèy kristal,epi kantite a depan de longè cheve chak moun.

9

Kijan pouw itilize l?
Mete l sou cheve a kite fè tout nwit lan,an demen lave cheve a,yo konseye pou aplike l depi nan rasin rive nan pwent cheve a,masaje tèt la byen pou sewòm nan ka pran tout kwen tèt la,depi nan premye sèvis la wap wè efè a,siw kontinye sèvi ak li menm se pa pale.
Ou poko kòmanse fèl?sa wap tann toujou.