Maryaj se yon bon remèd pou enkyetid ak depresyon

Sak rann rechèch sa solid paske li fèt nan plisye peyi epa pou sèlman enkyetid ak depresyon li afekte troub mantal tou,yo wè tou pwoblèm ki pase nan yon maryaj oubyen yon relasyon ki kraze.

 

Mesye yo gen mwens chans pou yo fè depresyon nan premye maryaj yo ke fi a
Apre yon maryaj sa ka rive vin gen gwo problèm men moum ki gen plis chans afekte fisikman e mantalman se fi a sitou sil pat gen yon bon ekperyans anvan sa nan relasyon li yo oubyen yon bon edikasyon lè konsa tou 2 moun yo konn vin chwazi pou yo pa janm marye anko,pou menm bagay la pa refèt sa se yon pwoblèm mantal paske tout moun pa menm,gendwa epat janm moun paw la sa.

 

dapre yon lòt etid yo fè montre ke si fi a gen yon bon edikasyon li difisil poul afekte anpil oubyen pwoblèm mantal depresyon ak nenpòt bagay kita vin kanpe devanl.Men andan maryaj la se yon lòt bagay kap pase ou sipoze gen bon konpran pouw pa kite pwoblèm anvayi kay ou ak relasyon fòw santiw lib tankou yon zwazo nan tèt ou,pa panse ak vye bagay se pi bèl moman wap pase nan viw jwenn yon moun bò kotew kap mandew siw byen chak jou.

 

Lòt diferans ki genyen nan fi ak gazon seke yo jwenn ke maryaj la fè fi a redwi risk itilizasyon dwòg la paske se fi a ki okipe timoun piti nan kay la ak anpil lòt bagay ankò,lespril vin okipe ak lòt bagay, men si gen yon pwoblèm nan maryaj la li aji sou 2 moun yo
Etid la montre ke maryaj la gen avantaj li ni pou fi ak gason.Sa ka rive pafwa maryaj la kon vin frajil ak kèk pwoblèm mantal,enkyetid men depi nou mete tèt nou ansanm nap rezoud tout bagay.