Aspirin pou konbat kap

Lè kal blan sòt tonbe sou rad nou,sa fèn wont si gen lòt moun la,tretman ki pi komen an se lave cheve a ak yon chanpou ki bon pou kap,nan tan sa anpil moun prefere fè remèd natirèl lakay yo,youn nan bon opsyon yo se aspirin
Aspirin gen yon sèl ladan se li menm tou ki nan chanpou yo fè pou kap la,li gen asid”salicylic”

Mete aspirin nan chanpou nap sèvi a
Yon resèt kont kap ak aspirin,kraze 2 aspirin,itilize aspirin ki blan pi a,apre mete poud aspirin nan chanpou a,li pi bon poun itilize chanpou ki pa gen anpil pafen ak koulè paske yo ka fè pwoblèm kap la vin pi mal,yon bon opsyon se itilize chanpou tibebe.

Fè melanj lan byen apre sa lave chevew avèl,kitel nan tèt ou pandan 5 minit pou asid ki nan aspirin nan ka fè travay li.Rense cheve a ak anpil dlo,ou ka bay jiska 3 lave pou yon pi bon rezilta,nan denye rense a mete vinèg pòm nan dlo a,kite cheve a konsa pa rensel ankò sant pòm nan ap sòti koul fin chèch.
655px-Aspirin_(2247084833)
Losyon aspirin kont kap
Yon lòt jan nou ka konbat kap ankò ak aspirin,se fè yon losyon
Engredyan
3 aspirin
dlo cho
Preparasyon
kraze 3 grenn aspirin sa yo apre mete yo nan yon tas dlo cho,kitel frèt apre aplikel nan po tèt la lèw fin lavel ak chanpou,kitel fè 10 minit apre lavel ak anpil dlo.
Nou espere ou jwenn solisyon ak ti resèt aspirin sa a.