Kòman pou ekilibre relasyon w ak vi pesonèl ou?

Lè yon moun fenk marye,yo toujou vle ansanm,sa ka rive li pa fasil pou anpil moun paske ni fi a ak gason an ap travay,fòn aprann konnen pyès relasyon pa viv san libete,nan fen jounen a fòn rakonte sak te pasen pandan jounen an men imajinew siw pa al travay nou rèt menm kote pap gen anpil bagay pou nou di se ap toujou menm istwa yo chak jou

Yon bagay se renmen,gen yon lòt ki diferan se lè nou tou de renmen menm bagay,sak enpòtan se ekilib,kap pèmèt nou konstwi yon vi san youn pa soumèt ak sa lòt la renmen an.

Respè:Pou yon relasyon fonksyone,fòk chak konnen yo pa menm moun nan ankò epi gou yo diferan,nou chak bezwen yon moman solitid,amizman ak vi sosyal nou.Nou paka fè tan ak nou 2 sèlman tout bagay gentan yo epi vi a paka base sèl sou relasyon an.Li bon pouw konnen kòmanw santiw lè mariw pala,siw sonjel,panse sou relasyon gen anpil valè sou konpòtman nou poun wè sin santin byen ak moun nan oubyen non.

Toujou sonje yon moun ki konplè gen divès enterè:travay,tan poul li,fè espò,tan pou zanmil,repo,tan pou fanmil ak tan pou maril,lè nou ansanm vle di plis ke sa men lide a se poun santi nou byen youn ak lòt,nan kelkezwa sitiyasyon an.
Kòman pou nou kenbe relasyon an?
Anime relasyon an,toujou kreye yon aktivite chak jou,lè lanmou an kòmanse monotòn epi chak sòti yo,toujou gen yon ekip kesyon kap poze,poukisa sa fèt konsa ebyen se lè sa pwoblèm kòmanse.
Fè aktivite nou renmen,fèl yon abitid pou nou,bay sipriz pafwa pou chanje kèk bagay.kominikasyon an se baz pou
youn konn sa lòt vle pou yo ka pati sou menm lide,lè se pou avantaj tou de.

Kreye yon klima nan relasyon an,kote pouw santi yon pati nan viw fini la,si lòt la pa la se kòmsi ou pap kapab pou kòw,ankouraje lanmou an grandi,pa renonse ak saw renmen:fanmi,zanmi,ak tan pou aktivite ou yo pou relasyon an,pa bliye chak bagay gen plas yo epi tout vo la pèn.

Evite rive nan pwen sa epi aprann fè ekilib.