Eske w gen yon nèg sou kote:ki rezon enfidelite?

Ou vle konnen ki sa yo ye?
Poul ka santi l gen konfyans nan tèt li

 

Nan etid la yo jwenn moun sa yo toujou renmen ak moun ki pi jèn ke yo,ki fè yo santi yo enpòtan ak pi jèn tou,ki montre yo entèrese ak vi yo,men yon moun ki gen menm laj ak yo pa montre yo anpil bagay.

 

Manke kominikasyon
Manke kominike se yon kle ki kòz enfidelite nan medam yo,nan yon relasyon kote pa menm gen 30 minit chak jou pou chita pale,gen yon enfidelite kanmen nan mitan koup la.

 

Manke detay
Anpil fi di yo gen yon moun sou kote paske yo pa santi yo gen valè,yo pa santi gen moun ki konprann yo nan relasyon prensipal la

 

Manke konpreyansyon
Anpil lòt tou di yo pa santi patnè yo janti ak yo,yo pa konprann yo ni moun nan pa eseye mete l nan plas li,konsa l ta wè sa lap travèse

 

Nou eseye konprann tout bagay sa yo,men nan yon relasyon ki gen vid se chache rezoud pwoblèm nan anvan nenpòt bagay pase.Anvan tout bagay nan yon relasyon se respè,si nou gen lanmou youn pou lòt pap gen bagay al nan nèg sou kote a,pap gen espas vid pou yon twazyèm moun.