Konsèy pou leve timoun

Gen kèk pa senp wap gen pouw aprann timoun yo depi piti,sa ap ede l viv nan kwayans ak respè
Dispoze bon kalite tan

Se pi bon mwayen pou bay timoun yo bon konpòtman ak valè,li ka paret difisil paske mond lan eksijan anpil nan tan sa tou de paran yo oblije travay,men toujou kreye tan pou pitit ou.Ou ka fe sa tankou yon woutin,fe yon jan pou tout fanmi an gen yon le espesyal pou reyini li te met pou dine.Pran nan tan sa pouw fe ti pale ak timoun nan,mandel kijan jounen l te ye.

Pratike anvan w preche
Timoun toujou ap obseve sitou lel pitit,sal we,sal tande se lil fe,ou sipoze pratike bagay ki byen,pa pale nenpot jan,kounyea le l vini ak yon move bagay wap we l diferan paske se pa sa ou te aprann li,yo vijilan anpil ,nenpot bagay wap fe li te met negatif kou pozitif lap ranmasel.Pouw dil fe bagay pozitif fok ou menm gentan pozitif nan je l.Li ka paret difisil,men paran yo dwe bay timoun yo kèk libète.

Anviwònman an sante
Yon fanmi ki estab ak kè kontan amelyore sikolojik yon timoun ak ranfoze konfyans li,pa fe diskisyon devan timoun yo sa pa yon bon egzanp.Sil ta rive we nap joure dil sa fe pati nan lanmoun an,nou renmen anpil,men pafwa nou fe ti pale,li pa bezwen enkyete l se pa anyen,pa bal manti.
Ankouraje l fe yon espo

Pa leve timoun parese,pa mande sil enterese nan youn pa dekouraje l ,men ankouraje l