6 trik pou dezentoksike cheve

Koulè,repase cheve ak anpil lòt faktè tankou chalè ak lafimen responsab chak jou nan abime cheve.Nou prepare yon lis engredyan natirèl pou ranfòse ak dezentoksike cheve w yo.Ou ta sipoze fè sa yon fwa nan semèn nan pou domaj la pa vin plis, konsa cheve yo ap vin pi idrate,swa ak klere.

1. Bikabonak
Eleman sa a elimine tout pousyè tè,se youn nan pwodwi pou pwosesis sa a.
Engredyan
3 tas dlo cho
1 tas bikabonak
Pwosesis
Melanje bikabonak ak dlo a ansanm nan yon veso
Mouye cheve a epi lave l ak melanj lan
Fè yon masaj depi nan rasin jiska pwent cheve a
Apre lave l ak dlo frèt
Penyen cheve w pa mete chanpou ni tretman ladan,kitel konsa

Baking-soda-header-1

2. Vinèg pòm

Vinèg sa se yon gwo sosye ak bote sitou nan swen ak anbelisman cheve a.Li ede konsève imidite natirèl,evite pwent ouvè,ekilibre pH nan po tèt la.Gras ak pwopriyete li aktive kwasans cheve a ak fè yo briye.
Engredyan
2 gwo kiyè vinèg pòm
1 tas dlo
Pwosesis
Melanje dlo ak vinèg la,lèw fin lave cheve a ak chanpou,aplike vinèg la nan po tèt la
Kite l repoze apre renzel ak dlo frèt.
Menmsi sant vinèg la fò,sa pa anyen lap pase nan yon titan

3. Ze

Se youn nan prensipal engredyan nan tretman cheve,nan ka sa li bon pou bay cheve a fòs ak fèl briye,jòn ze a sèvi kòm yon idratan ekselan, pandan blan ap retire grès ki depase.
Engredyan
2 ze
Pwosesis
Bat de ze
Aplike sou cheve a sòti nan rasin rive nan pwent,bal masaj epi kite l repoze pou 20 minit
Rense l ak dlo cho,lave cheve a jan w abitye lave l

4. lwil kokoye

Li idrate ak bay fè cheve a swa,li ka nouri cheve a ak po tèt la epi elimine sak pa bon
Engredyan
Mete 5 kiyè lwil kokoye nan yon veso
Pase lwil la nan menm w epi mete l nan cheve a
Apre sa kouvri l ak yon bone plastik
Kite l fè 1/2 jounen nan tèt la
Renze l ak chanpou apre sa
Si w se yon moun ki gen cheve gra,pa aplike l nan rasin nan

Coconut-Oil-Jiamlie-640x310

5. Sèl lanmè
Li bon pou retire kap ak selil ki mouri
Engredyan
2 gwo kiyè sèl lanmè
Chanpou (mezi ou konn itilize anjeneral pou)
1 ti bòl
Pwosesis
Melanje sè la ak chanpou nan ti bòl la
Mete l nan po tèt la,bay masaj pou yon titan
Kite l pou 5 minit epi rense ak dlo cho

6. Sitwon

Li bon pou dezentoksike ak elimine tout sak ka koze domaj
Engredyan
4 sitron
½ lit dlo mineral
Pwosesis
Pire ji 4 sitron yo
Mete ½ lit dlo mineral la
Aplike l nan cheve a sòti nan pwent rive nan rasin
Kite l fè 20 minit
Rense l avèk dlo frèt