Kijan yo lave rad blan nan machin?

Kijan yo lave rad blan nan machin sitou sil gen tach,menm si teknoloji ap avanse se pa tout moun ki kwè nan lave rad nan machin sitou nou pa abitye ak sa.Nan lòt peyi yo,li itil anpil paske moun yo pa gentan se machin ki ede yo,men yo rete bèl paske li pa jwenn ak pwodwi yo,fab,klowòks,likid,savon bagay sa yo gate men anpil.

Depiw ap itilize l ou ta dwe mete gan,depi se netwayaj moun nan lòt peyi yo pa sèvi san gan,konsa ou ka jwenn li isi,men nou konnen nou menm nou gen twòp mit nan tèt nou,si nou wè yon moun mete l nou gentan panse se stil lap fè sou yon lòt.Aprann pwoteje tèt ou,depiw gen kouran pa pè achte machin pou w lave.
skin-1198042_960_720

1. Mete yon ti likid sou tach la,kite l pase yon ti tan anvan w mete l nan machin nan,si tach la toujou la kite tranpe tout nwit lan
2. Apre sa mete rad la nan machin nan
3. Mete yon ti klowòks dlo,pa janm mete grenn klowòks sou rad lap chire l,lap gate e menm fè twou nan rad la
4. Lave janw konn abitye lave
5. Tout bagay fini rad la ap pi blan toujou
Yon konsèy se pa tout rad blan ki pran klwowòks