Ou enterese ak yon moun,men w pa konn kijan pou w fè?

Nou pase plis tan ap fè stil san pale,san rann kont nou te ka fè nèg sa fou si n te abòde l
Sajès
Se yon gwo entelijans,li evolye tankou yon mekanis seksyèl,gason pa tankou fi,yo atire ak yon bon sajès,nan ka fi a yo plis renmen chwazi gason kap fè yo ri,ki komik,jantil,pou gason an li renmen fi k ap ri blag li yo,nan lide l li ka di map bon lap ri
Lè yon moun santil atire ak yon lòt moun,sa ka fè l damou pi vit,se sak fè pigaw janm meprize pouw di yon moun ou renmen l
Pale sou bagay kap vin fè n santin damou
Siw renmen moun nan vre,pa janm bliye oubyen esite pale ti pawòl pwofon kap vin konekte n plis
Li pa jenjan
Gen 2 stil,yon gason ki swa,klasik,rilaks se yon nèg ki gen anpil fi dèyè l,men yon lòt ki yon jan brit ak strik ki pa parèt tèlman klas gen mwens fi dèyè l,men gason sa ka plis veridik nan sa lap di yo epi li ka plis ka responsab yon maryaj,lòt stil gason an ka gen karakteristik swa,sanbib,elatriye ,men san responsabilite,pi souvan yo konn pleze anpil fi,se poutèt sa siw wè yon moun ou damou chache wè ki stil gason li ye,eske se yon moun responsab?eske se pa yon jan poul atire fanm sou li?
Sak enpòtan se fè moun nan konnen ou renmenl
An reyalite nou pa renmen moun,nou jis renmen jan l fè nou santi n lè nou ak li a ak jan nou sonje l,pafwa nou melanje santiman ak emosyon,se sak fè lè w vin konn moun sa vre,wap di li pat konsa lèm te fèt rankontre l la,men se jis ou pat fokis pi lwen sou sa w te wè a.