Ki moun ki pa ta renmen gen sekirite ak konfyans nan tèt yo?

Pou reyalize yon bagay,sak pi bon se fè saw renmen,eseye reyalise rèv ou,espesyalman bay tèt ou verite,chak tan wap fèl wap pi jwaye epi wap gen plis sekirite nan ou ak valè tankou fi.

 

Nou diw sa deja yon fi ki gen sekrite nan tèt li,se yon fi ki atraktif,pwisan,li ka reyalise tout sal imajine.Sekirite se pa yon pwodwi nou ka al achte nan mache ni makèt,sekirite se yon valè ki kreye andan,nou jwen li nan plizyè atitid diferan pozitif,yon fi san sekirite nan tèt li,se yon fi pèdi.Anpil fanm ak tan, lavi, woutin ak maryaj pèdi sekirite yo,pafwa yo menm santi yo pèdi tout bagay.Lè yon fi santil pèdi,li santi l pa sou wout li epi li vin tonbe nan anpil tritès,li pa konn kote l prale,li santi l piti san valè.Rekipere sekirite nan tèt ou!

1-source-image-open-in-PS

Nou paka anpeche fiti,men si chak moun kreye prezan yo,prezan an ap kreye l,se yon bagay ki kòmanse depi nan pase,jan n panse,depi nan ekperyans nou fè nan vi nou.Youn nan zouti ki pi itil nan kiltive sekirite pèsonèl se konekte ak pwòp enteryè nou,fòs enteryè nou,nap pèdi sekirite nan tèt nou si n mete rèv ak pwojè pèsonèl nou yo sou kote.Se poutèt sa, pi bon fason pou jwenn konfyans ak sekirite se devlope konpetans ak kapasite ki fè n vle sa n ye a.

 

Lè nap fè yon bagay san renmen ki sòti nan kè nou,lè nap mache kote n vle nou santi sekirite,menm si gen obstak nan wout la,pa janm pèdi sekirite w,pa abandone anvi w,tande bezwen w,ou dwe kenbe koneksyon ak lespri w pouw ka kiltive sekrite pesonèl nou.