Benefis ji kokoye

Nou konnen l deja se yon bagay fasil pou prepare nan kay,sak nan makèt yo pa ansante paske yo gen konsevan,tout sa wap manje dwe bon pou sante w.Se yon melanje dlo ak nannan an,li gen anpil kalori.
Benefis li pou lasante
Ji kokoye kapab ranfòse defans kò a,desann nivo kolestewòl,aktive kwasans misk yo,ede pedi pwa.50% grès kokoye se asid lorik,se yon chen asid gra ki ede konbat maladi,fonksyone tankou antibyotik,li amelyore nivo kolestewol ak sante kè a.Li bon pou alèji.
Ankouraje kwasans nan misk ak boule grès
Anplis li bay enèji,amelyore pèfòmans fizik.Manyezyòm ak potasyòm bay elektwolit pou fè reparasyon nan tisi apre egzèsis.Li gen grès vejetal ki fè moun pa manje anpil.
Anpeche w soufri fatig
Li gen mineral ki pou ede kenbe volim san an,kontwole sante kè a, ak anpeche dyare ak dezidratasyon,apre yon maladi oswa apre egzèsis fizik,elektwolit li yo ede anpeche kranp nan misk ak doulè, fatig, atak kè ak yon sistèm iminitè fèb.Ji kokoye gen trigliserid ki bon pou sèvo ak bay enèji,li ede pèdi pwa,li boule tisi grès yo,li idratan.
organic-milk-paneer-ghee-online
Amelyore dijesyon
Li nouri entesten an ak elektwolit li yo,ki amelyore epi evite maladi nan trip la.Yon aparèy dijestif byen idrate esansyèl pou anpeche ak konbat konstipasyon.
Kontwole sik ak dyabèt
Kontwole nivo ensilin epi anpeche sik ki mal yo,se yon bon resèt pou mete nan manje
Kontribye nan prevansyon anemi
Siw pa gen anpil fè,ji kokoye se yon sous fè orijin vejetal pou anpeche defisi nan mineral sa,yon mank fè se anemi li pwodwi
Anpeche enflamasyon nan jwenti
Ede diminye enflamasyon ki gen rapò ak maladi tankou doulè misk ak jwenti,anpeche maladi ilsè,chèchè yo dekouvri ji a pi benefis kè dlo a nan anpeche ilsè
11-1423650998-coconut4