Manje natirèl pou chen

Se pa tout manje wap manje pou bay chen an,li ka mouri nan men w.Chache konnen ki sak bon pou li.Pran yon titan pou prepare yon bon ti manje pou li,lanmou pou yon bèt se gwo bagay paske li se yon vivan.

 

1. Poul ak diri pou chen: 14 minit
Bouyi diri blan san gres ak sèl,pandan diri a ap bouyi ou ka bouyi poul la oubyen griye l san lwil ak grès,se pa zo poul ni rès saw pa bezwen mozo poul,anplis sil ta ze poul la li tap pi bon toujou,lè poul la fin kwit mete l nan diri a.

macaroni-3165917_960_720

2. Legim: 15 minit
Chen tankou moun,se pa sèl nou menm ki ka manje vejetal,menm jan yo ka manje poul,konsa yo ka manje vejetal,nou ka fè yon ti melanj pwa wouj,kawot,bouyi yo tout ansanm tankou yon ti bouyon.

 

3. Makawoni pou chen: 13 minit
Yon senp repa ka fè ti chen w la kontan,kote lap manje san difikilte,ou ka melanje makawoni ak ti poul,sadin,pa bliye se toujou sa sèl san grès,ou ka mete ti fwomaj light.