Rad ou pa dwe manke nan pandriw ak objè

Siw ta renmen toujou bèl,elegant epi distenge gen bagay ou pa dwe manke lakay ou sitou nan chanm ou ak pandriw
1 gwo klas:Kap pemèt ou wè tout kòw nèt,li tap tris anpil siw mete yon rad ki pa ale kòz ou pa gad nan glas
1 chemiz blan:Koulè blan frape anpil,li preske ale nan tout okasyon men pa mete blan pou krèm chwazi yon bèl chemiz blan konsa wap ka itilizel nan nenpòt okasyon.

FotoNo.3blusa

1 rad nwa:Ou pa dwe manke rad sa pou anyen li pa sèlman bèl,li kache defo ou gen nan kòw

FotoNO.4vestido

1 foula:Li toujou bon pouw gen youn paske ou ka fè plisye bagay ak yo tankou pase nan kou,mare tèt epi yo alamòd tou.

indian-scarf-1923554_960_720

1 gwo valis:Yo ale ak kèk abiman nou fè,si wap achte youn bat poul yon bon mak poul pa chire,paske depil gwo nou gen tandans mete anpil bagay ladan.
Soulye talon:Ou gendwa pa renmen met talon men gen kotew prale se talon kap fèl,fòw toujou asirew ou gen youn la pou yon okasyon espesyal.

Small-Size-Very-High-Heel-straw-1

Linèt soulye:Fòw gen yon linèt pou pi piti epi ki fèw byen,se fiw ye pa mete anyen ki pa fèw byen,ou merite bèl menm si se yon sèl rad ou genyen toujou lavel ak pasel.
Yon bon pafen:Sak enpòtan se pouw itilize yon pafen ki nan laj ou,pa achtel twò fò

FotoNo.8perfume

Konsèy sa yo senp men yo ka pote anpil elegans nan viw siw potko genyen sa nou diw yo la,ou gendwa plen rad epi ou pa genyen pouw fè yon bon soti,ou paka ap achte rad chak tan ou gen yon okasyon espesyal.