bwason pou konplete antrènman

Men saw ka pran pou ede w pandan wap fè egzèsis

 

Dlo kokoye

 

Bwason sa anplis li gen benefis pou moun kap pratike egzèsis,li ede retire pyen nan ren,anpeche enfeksyon nan lestomak,ak elimine parazit nan entesten an,li bon anpil pou timoun ak granmou ki gen dyare,pa pwofite pou bwè l twòp li ka pa fèw byen.

 

Si nap konparel ak bwason idratan li pi nitritif,li wo anpil nan nitrisyon,li pa gen anpil zik ni kalori,li anpeche kranb,fatig nan misk,maltèt,ak tout sentòm ki relasyone ak dezidratasyon.

 

cardapio-bebidas-02-aguacoco

 

Limonad natirèl
Fèl ak dlo ki pa mineral,dlo sitwon fè òganis lan fre epi desann bese chalè pandan egzèsis.Limonad se yon bwazon nitrisyonèl,fòk yon moun bwè 4,8 vè pou ka pwofite de pwopriyete li yo.Asid sa dezentoksike,dezenfektan,ak antioksidan,li kontribyen nan aktive metabolis la,li amelyore dijesyon ak elimine toksin.

 

unnamed (3)

 

Farin diri,dlo ak kanèl
Se yon bwazon ki frèch anpil epi nitritif,kòz li se orijin natirèl,se yon bwason yon bwè nan peyi Espay depi lontan yo te toujou konsidere l tankou yon bwazon natirèl,li rekòmande anpil pou moun kap fè egzèsis paske li kenbe moun nan idrate pandan antrenman gras ak pwopriyete li yo ki se:fosfò,kalsyòm,mayezyòm ak potasyòm ki kontribye nan kenbe zo yo fò,jwenti yo pi fleksib,yon sistèm nève an sante.

 

Anplis li se yon sous vitamin E ak c,li bon anpil pou sistèm iminite a,epi responsab pou ranfòse defans nou,se yon bon sous enèji,sak fèl vin yon bwazon ideyal.
Pa neglije mete bwazon sa yo nan lis ou

 

Vaso_de_horchata