20 konsèy pou renmen ak entèlijans

Pa gen okenn fòmil ak fòm egzak pou renmen,paske pa gen moun ki gen menm karakteristik,sak enpòtan se jan moun nan rantre nan relasyon an.

 

Nou vin ak kèk konsèy pou ou jodi a nou espere yo itil ou pouw ka anrichi ak pwòp eksperyans ou.
Pa fè menm bagay la chak jou,bat pou gen bagay diferan chak tan nou rankontre pou pa gen dekourajman
Responsab yon bagay ki pa bon,pa bay lot to,pa bliye gen yon bagay nan konstwi ansanm

 

Mete w nan plas patnè w,konsa wap santi sal pa vle ak saw pa vle,sa se baz respè
Fè ekperyans lè l pa bo kote w,jan w santiw la se konsa l santil tou
Chak fwa w kapab ri paske ri ka enfekte relasyon an,gen moun ki pa janm ri ak mennaj li
Onèt ak eksprime sa w santi

 

Dekouvri sa mennaj ou santi,mete w nan emosyon emosyonèl
Anpil prekosyon ak jan wap bay afeksyon,kesyon an se pa anpil se janw bay li a
Toujou ofri l sipo w,relasyon an se yon inyon mityèl
Pa pase tan ap poze kesyon,chache konnen kouman li ye pito

 

young couple having romance

 

Pran swen mennaj ou tankou yon jaden flè,toujou wouzel,retire fèy ki sèch yo
Pran sak pozitif nan li konsa wap aprann bagay nouvo chak jou de li
Santi lanmou fèt chak jou,pa sonje sak pase ni pale de yo
Admèt erè ou yo pa kache, ni blede sèlman asime

 

Dispoze w pou fè bagay nouvo,tout sak pa devlope rasi
Koute entwisyon yo.Ou ka pa kapab eksplike pou ki rezon,men ou pral wè se konsa
Devlope kreyativite ak sipriz pou patnè w
Evite zak,vye pawòl ak vye jès
Respekte espas pesonèl moun nan,li bon pou nou ansanm,men se pa pouw koule nan do l
Pran dezisyon kap bon pou nou de a,pa janm enpoze epi fini ak yon akò