Konsèy pou goumen kont varis ak pèdi pwa

Ak konsèy sa yo,nou rete kwè wap rive jwenn yon rezilta kap dire siw swiv yo
Miskle misk ou paka fèw pa gen varis sanw pa fè 3 sesyon minimom nan semèn nan pou ranfòse misk yo,pandan 30,45 minit

 

Pigaw pe leve pwa pouw ka ranfòse misk ou yo epi pèdi pwa,li bon pouw leve pwa,pa pè mande konsèy ak moun ki gen ekperyans nan leve pwa,pouw ka konn ki sa pouw leve sanw pa deranje kò w.

 

Siw vle retire grès sa ki anba po w la ranje kòw pou kouri chak jou,pa fè menm bagay la chak jou,chanje entansite egzèsis yo modere ak rapid pou l ka pi efikaz,ou ka monte Bisiklèt, naje,mache,danse.

 

Pa bliye detire pou kèk misk fen ak solid ka develope,toujou panse detire,pi devan wap jwenn kèk egzèsis pouw detire,konsa wa evite deranje.

 

1.Antrene ak pwa lou,li rann misk yo tonifye,amelyore aparans po a,anplis yon bon antrenman ak ede yon moun boule anpil kalori,akselere metabolis ou konsa wap boule plis grès.Sonje varis yo parèt paske tisi ou jwenn anba po a yo fòme yon seri boul kote grès yo rete,se sak vin w aparans sa wap gade sou kò w la,plis ou gen mwens grès,plis wap wè varis yo ap diminye.

 

2.Fè egzèsis kadyo,kote 6,7 fwa nan semèn nan kotew wap boule anpil grès

 

3.Netwaye kow:ou dwe retire toksin nan kò w,sa vle di kite fimen,pa bwe alkòl,pa manje menm kantite grès ou te konn manje

 

unnamed (10)

 

4.Netwaye manje
Antre vejetal nan sa wap manje chak jou,paske yo bon pou desenktoktifye epi ogmante pwoteyin nan rejim nan,yo ogmante misk lan epi akselere metabolis lan,evite kabon ki gen twòp sik,farin,sik,sonje kabon kenbe pwa kò a 4 fwa nan dlo,nan sans sa wap bezwen manje sak gen yon nivo wo nan fib epi ki pa gen sik tankou avwan,pòmdetè,diri entegral,manje fwi nan maten

 

5.Evite manje chak saw jwenn
Diminye nan bwè bwazon,fritay,sirèt,kontwole kantite sèl wap manje elatriye tout bagay sa yo ka fèw pa janm pèdi pwa

 

6.Evite bwè grenn kont varis

 

Pa lesew ale nan grenn kont varis sa yo paske yo gen sik ladan,yap desitrate w,pouw retire varis ou bezwen idrate
7.Bwè anpil dlo

 

Jan nou diw deja li enpòtan anpil pouw ap idrate pou toksin yo ka elimine epi varis yo ap diminye,jeneralman yon moun ta dwe bwè 10,12 vè dlo chak jou.

 

unnamed (15)