Kouman pou w wè si yon timoun piti fatige anpil?

Men li yon jan difisil pouw konnen si yon timoun piti fatige oubyen pwoblèm,gen paran se baton yo bay timoun nan,lè yo piti fòk nou konprann yo,yo pa pale se ak anpil atansyon poun jere yo.

 

Rekonèt siy emosyonèl fatig:yon timoun ki fatige anpil,irite rapid lè bagay la pa fèt jan yo te panse a,yon timoun ki renmen jwe,lèl fatige anpil,li paka ranje yon bagay li vin san pasyans,li tonbe kriye.

 

Remake si timoun nan vin depandan anpil:pafwa sa ka rive yon timoun pa kite manman l menm vire pye l,tèlman l jennen l,sèl sou moun li vle rete.Li gen dwa pa janm konn kriye,epi sèl kriye li rete lap kriye,tout saw ba li pa gen solisyon.Timoun ki fatige anpil vin gen anpil estrès ak yon tanperaman emosyonèl.Sa ka rive timoun nan inyore paran l,yap fè bri,frape tout bagay nan kay la,fè egoyis,mòde,jwe ak krache elatriye.Konpòtman sa yo di li fatige anpil,li bezwen repoze.

 

1200

 

Fè atansyon ak emosyon l yo:sa yo se manifestasyon komen nan yon timoun ki fatige anpil,griye,fè bri,tire yon bagay atè sil pa renmen l,se pa dezòd se chache konnen kijan pouw trankilize l pou l ka dòmi.

 

Konnen poukisa pitit ou a enkonsolab:lè yon timoun piti kòmanse ap kriye pou kèk rezon,li difisil pou l kalme epi konsole,paske li pa konnen vre poukisa lap kriye a,lè l kòmanse li difisil pou l sispann paske kriye a se kòz yon rezon ki enkoni.

 

Rekonèt siy fizik fatig:evalye jan timoun nan ap mache,si se yon timoun ki toujou aktif epi ou vin wè lap mache dousman,gen yon bagay kap pase l,ou gendwa wèl chita yon sèl kote,si lap manje,li pa menm ka leve kiyè a.
Gen anpil lòt siy toujou,pa kouri bat timoun nan pou yon dezòd,men chache sal genyen pouw ka jwenn yon solisyon pito