Pran yon ti moman pou w analize si w disipline

Disiplin se pi gwo obstak ki ka anpeche pifò moun reyisi ak siksè yo vle a.Pran yon titan pou imajine sa siw te gen disiplin pouw fe tout sa w vle fe ,menm lew pata gen anvi pou fel ou tap gen plis siksè nan reyisi pèsonèl ak objektif pwofesyonèl.
Disiplin se abitid ki pi difisil pou fè toujou.
Respekte angajman w
Siw vle reyalize rev ou ebyen ou dwe disipline,disiplin se pa yon bagay ou genyen se yon bagay ou dwe fe,disipline chak abitid ou genyen ,disipline sante fizik ak nitrisyonel ou,mete responsablite anvan lwazi,kontwole emosyon w le wap aji ,obseve sa wap di epi kenbe yon lespri pozitif.
Rete konsantre
Revize objektif ou chak maten anvan w kòmanse jou ou,epi revize saw gen pou fe nan lot jou a anvan w al domi,pran tan ak yon kote trankil pou reyalize saw gen pou fe sa ap ede w mete objetif ki pi enpotan toujou nan lis ou, wè tèt ou reyalize objektif ou ak imajine santiman yo nan siksè ki pral vini ansanm ak sa a konsa wap komanse jwenn atitid pwodiktif ak pozitif.
Priyorite
Pandan wap planifye jou a,fe l ou menm pa kite moun pou fe bagay pou yo konsa wap retire pi gwo estres kite sou wout ou lew wew reyalize pi gwo pwoblem sou wout la.
Repoze
Yon kle enpòtan nan siksè se gen lide ak kò w prepare pou chak jou.Pa gen anyen ki pi bon pase konsantrasyon ak kapasite pou pasyans lè sa a.Kreye yon woutin pou al domi bone konsa wa rilaks apre yon jounen fatig.Nenpot bagay kap estrese w padan w kouche fe yon jan pouw mete l sou kote.