Lè nou pa gen sekirite nan tèt nou

Eske w byen konprann rasin pwoblèm nan,chache jwenn yon repons poukisa ou pa gen sekirite nan tet ou oubyen konprann saw dwe fe.gen kek zouti ki ka ede n gen sekirite nan tet nou.Si w panse w pa gen anpil valè sekirite w paka ogmante.Nou dwe gade yon pèspektiv diferan,ki pi pozitif,renmen ak reyalis.

 

Sekirite ak fòs
Kijan poum bay tet mwen vale,lem panse m pa gen okenn vale?si w pa bay tet ou vale lap difisil pouw ogmante sekirite w

 

Tout moun briye nan yon bagay,genyen ki dekouvri rapi epi yo pa pran tan pou yon montre mond lan sa yo ye,men gen lot ki pa detekte l,epi yo pa janm sispann konpare moun kap fe yon bagay yo paka fe.

 

An pran yon egzanp,yon jwè foutbòl briye tout moun renmen,men sil pat dekouvri sal te ye epi lal etidye yon lot karye okenn moun patap konnen sa li ye,paske li pa tap kap briye menm nan nan lot karye a piske se pa vokasyon l.Sak yon domaj pou youn se glwa pou yon lot.

 

 

Nou envite w fe egzesis sa yo pou chanje vizyon ou gen sou ou a
Konstwi konfyans se yon bagay ki mande anpil efo,kouraj,ak anpil pasyans,konfyans base nan jan w apresye pwop tet ou,diyite ak kwayans nou ka fè fas ak nenpòt defi oubyen difikilte nan lavi nou,apresyansyon se jan n pale ak konsidere pwop tet nou.

 

Rezoud pwoblèm yo,moun ki gen konfyans,apresyasyon kapab we pwoblem ak pran desisyon kap ede l avanse,fe fas ak pwoblem ki paret pi konplike,yo pa janm tann moun montre yo chemen,yo jis pran wout yo.

 

Fè fas ak elimine laperèz,Nou tout pe,gen kek lot ki paka panse,konsa gen lot ki pa konsa,moun ki gen konfyans nan tet li gen kapasite pou l afwonte sal pe a epi elimine l,menm si sa ka konplike yo konnen li enpotan pou avanse.
Yo gen kapasite pou kalkile risk,moun ki gen konfyans ak sekirite nan pwop tet yo,gen kapasite pou we risk aksyon yo poze,yo ka afwonte pe ki ka kanpe yo nan wout,anplis yo konn febles yo,sa yo paka fe.