Diferans gwosès nan laj 20,30 ak 40 lane

Siw ta pran tan w pou mande chak fi a ki laj yo ta renmen ansent,repons lan ap varye

Epok 20 yo
Gen anpil fi ki ta renmen anseant nan desemi sa,gen mwens risk dyabèt tansyon ak lòt maladi yon fi te ka genyen nan moman gwosès,règ la pi regilye tou,men se pa sèl fi a ki benefisye timoun nan tou,pandan wap granmoun ovè yo tou ap vyeyi,yon fi jen gen mwens chans pou timoun nan gen maladi genetik tankou:Sendwòm Dawonn ak lòt maladi konjenital.Nan epòk sa tou gen anpil fi ki konsantre sou lekòl,travay,mennaj,yon twazyem okipasyon ka vin estrese yo si yo pat atann ak sa.Si n vle plis pwodiktif,repons lè timoun nan vini nou aksepte sak fèt la.

 

Epok 30 yo
Yon moun ki gen premye pitit li anvan 34 lane,lap 14 fwa ansante ke yon moun ki fe pitit a 18 lane.Yon fi ki ansent nan fen adolesan li devlope plis pwoblem maladi ke yon fi ki tann 30 lane pou fe pitit.Nan epok sa tou gen plis estabilite nan karyè,travay,mwayen ekonomik lan pi janm ke anvan sa,men risk pou gen eklmansi,tansyon,dyabèt jèstasyonèl,soufri yon avòtman oswa fè sezaryèn vin plis nan laj sa yo ke yon fi ki gen 20 lane.Dapre etid yo fe we timoun manman yo fè nan laj 30 lane pi aktif nan lekòl.

 

Epok 40 lane
Li enpòtan pouw konnen risk ak avantaj pou manman nan laj 40 lane,Yon fi ki fe pitit nan laj sa nan yon bo se konn pwoblèm sante ki fèl pat janm ka fè oubyen ekonomik,dezavantaj ki gen nan laj sa seke ni timoun nan ak maman gen chans pou yo gen pwoblèm.Anplis yon tyè nan gwosès fanm ki gen laj 40 a 44 ane fini nan avòtman espontane.Gen plizyè rezon:pafwa matris la konn paka kenbe yon gwosès.Men ou pa bezwen pè,cheke dokte pa gen anyen ki enposib,li ka difisil,enposib non.