poukisa li bon pouw manje mango?

Nan lari Meksik nan epòk mango li difisil pouw pa wè moun yo kap vann mango vèt ak sèl oubyen sitron sou li,sa se yon goute pou yo nan apre midi.

Kisa mango ye?
Se yon fri twopikal,li gen sous li nan peyi Zend kote ki gen anpil bèl istwa kote se de mango yap pale,yon ekip chinwa ale peyi zend epi yo pran mango a,gen lòt moun ki vini yo potel Ewòp kote li pat tèlman popilè,apre Pòtigè yo pranl peyi zend yo potel Lafrik ak brezil ou pap kwè sa nap diw la se nan 19yèm syèk la mango a rive Amerik latin ak Florid.Mango a manje vèt,mi,sèk.Azi yo itilize mango vèt tankou vejetal epi yo metel nan salad.

 

Benefis mango

li bon pou moun ki bezwen elimine likid paske li gen anpil potasyòm ladan ak magnezyòm
Yon mango mi ki pese 200 gram gen kantite vitamin C ak 30% vitamin A,li bon pou moun ki paka sipote lòt kalite vitamin C,li gen fenòl kise yon antioksidan ki rich nan fè,selenyòm,li gen yon anzim ki menm jan ak sa papay la,li ede nan dijesyon,li gen vitamin B ki bon anpil pou bon fonksyonman sistèm nève,metabolis ak po.

 

Yo di li bon pou evite cheve kase,yo kwè tou li ede konbat lensomni epi li evite misk yo fòs.Nou retounen nan peyi zend ankò kote yo sèvi ak mango a pou trete anemi ak fi ki gen doulè règ,lè mango a vèt yo sechel pou yo fè yon poud ak li,yo itilize poud la pou bay asid nan manje lè pa gen sitwon paske nou konnen lè mango a vèt li pa dous menm jan ak lèl mi.