Espageti ak zaboka:li gen bon gou, pratik ak ansante

Saw ta panse sin fèl ak yon bon sòs zaboka? sa pral fè dlo sòt nan bouch ou
nou pap fèw tan plis ke sa nou pral pataje resèt la ak ou
sa wap bezwen pou preparel:

engredyan:

 350 gram espageti ou renmen (makawoni)

 2 zaboka mi,san po

 1/2 tas fèy bazilik fre

 2 tèt lay

 2 gwo kiyè ji sitwon

 Sèl ak pwav

 1/3 tas lwil oliv

 1 tas tomat,koupe yo an 2

 1/2 tas mayi nan mamit

 

unnamed (21)

 

preparasyon:

Kwit makawoni an padan 8 minit.Blende zaboka, lay,fèy basilik,sèl ak pwav
mete lwil oliv la pa ti gras jiskaske ou jwenn yon bon melanj

Nan yon bòl melanje espageti a ak rès engredyan yo.Siw vle ou ka fèl fè 3 minit sou dife ankò pou laj la ka fè yon ti kwit.

 

unnamed (22)

 

Tanpri di nou kisaw panse sou resèt sa?