Viris Zika

Nan tan pase yo Viris Zika fè anpil ravwaj nan kèk peyi. Sentòm li se lafyèv, doulè nan misk,eripsyon , doulè sa yo komanse 2 ak 7 jou lè marengwen an fin pike w. Fanm ansent yo sipoze wè doktè yo anvan yo vwayaje. Pa vwayaje nan peyi ki gen Zika tankou Brezil.

 

 

Pou nou anpeche sa nou sipoze kouvwi bokit dlo yo. Jete dlo nan po flè yo chak jou. Kenbe kay la pwòp. Jete fatra chak jou. Pa gen yon remèd pou sa menm ou ka jwenn yon remèd pou soulaje w ,ou dwe repose ak bwè anpil dlo pou w pa dezidrate.