Yon mesaj tèks pou ranpli vid mariw

Maryaj se tankou yon machin li bezwen gaz poul fonksyone ,ebyen mariw bezwen gaz emosyonèl poul ka santil asire gen yon moun ki renmenl.sousye pou li,yon moun ki toujou sonjel sa se devwa fi a tou sepa ou sèlman ki bezwen gaz.Siw itilize gaz emosyonèl nan yon nivo ki wo nap tankou 2 pè pijon.

nou pral pataje yon lis mesaj ak ou ,ki tap fèw byen anpil si yo te voye yo pou ou ebyen komanse fè menm ti bagay la pou li

 

black-couple-date

 

 

1.Ou briye jodia cheri,mwè klere anpil
2.Mgen anpil chans se ou ki pi bon zanmim
3.Ou se wòch mwen ,mrenmenw anpil
4.Ou se pwotèktè m apre Bondye.Mwen santim beni
5.Bonjou cheri.Ou gen plan pou aswè a?
6.Wap sezi, mwen jis panse ou ta dwe konn sa tou.
7.Mwen renmen lèm avèk ou, msonjew.
8.Bon jounen,map konte minit jiskaskew retounen
9.Mrenmenl,mrenmenl anpil
10.Mwen la pou ou cheri
11.Jiskaprezan map ri saw te dim lannwit lan
12.Mesi pou janw ye a
13.ou fèm vle yon pi bon moun,mrenmenw anpil
14.Jodia msantim beni anpil ke se ou menm ki nan vim
15.Ou se moun ki pi komik mwen konnen
16.mwen envitew manje
17.ou tèlman bèl an soti ansanm
18.Ou menm avèm yon piknik aswè a
19.Mrenmen mennaj mwen,pou siw pat konn sa
20.Ou se preferem
21.Ou enspirem
22.Sa Bondye ini lòm paka separel
23.Jodia,demen wap toujou pou mwen
24.Mbezwen lanmouw
25.Ou se pi bon papa
26.Mpaka tann pou ti randevou nou a
27.Mvle pouw nan bram
28.Mbezwen yon ti bo
29.Ou tèlman fò lèw kenbem
30.Diw malad nan travay konsa na pase jou a ansanm
lis la ka long men gen plis toujou pa neglije bay mariw gaz emosyonèl menm janw ta renmen jwenn li tou.