Edike yon timoun rebèl

Pafwa anpil lè yon timoun rebèl anpil mooun toujou di se fòt paran. Nou pa fin bay paran tout tò yo men fòn leve timoun yo ak plis sajès. Si w bay timoun nan tout pinisyon ki egziste li pa chanje toujou kounye a ou sipoze vire yon lot jan avèl pou jiskaske li chanje.

 

 

Ou sipoze pale san w pa fè bri nan tèt timoun nan sa ka fèl vin pi mal. Ba li yon pinisyon nan nivo laj li genyen.

 

Pa leve l nan pinisyon an sanw pa ekplike l poukisa ou fache , fè l di w poukisa tou ou bal pinisyon an. Pa janm konpare l ak lot timoun menm ak frè li yo. Si lap mande w padon aksepte ak li ,bal bon akolad pa leve timoun yo ak kòlè sa ap fèl vin pi mal yo bezwen anpil lanmou pou chanje.