Koman pou nou pwoteje zong nou?

Pandan vakans nou fè anpil aktivite tankou jadinaj ekspozisyon nan solèy, lave anpil, sa vin aji sou sante zonk ak mem nou. Anvan ou mete kitèks oubyen domi ou dwe lave zong ou ak men w sechel byen seche ak yon sèvyèt ki pwòp epi bay yon ti masaj ak yon krèm idratan

 

 

Lannwit pase sitron nan zong ou ak men w epi fwote l. lap fè l eklèsi pa pase l nan maten paske si wap soti pou solèy la pa fè menw nwa.

 

 

 

Bay zonk ou fòm yon fwa nan semen nan. Pa limen yo twòp. Mete bon kitèks paske pou l ka pwoteje zong yo kont anviwònman. Toujou retire rès kitèks yo anvan w mete yon lòt.

 

 

Pou zong ou yo ka fò ou dwe gen yon rejim alimantè ki rich nan kalsyòm

 

 

Mete gan lè w ap itilize anpil savon ,dlo ,oubyen pwodui chimik. Nou espere depi jodi a ou komanse byen pran zwen zong ou.