Konsèy pouw ka pase yon jounen pi fasil ak timoun yo

Sa pa fè anyen siw poko manman li gendwa se pitit pi bon zanmiw lan,sèw,frèw ou konn siveye chak jou.
se yon bèl esperyans men epa chak jou ou gen pasyans pou sa,depi se timoun wap bezwen anpil tolerans,pasayans ak kontwòl tèt ou paske yo ka fèw fou.

sekirite timoun nan se bagay ki pi enpòtan pou nou, men se pa yon bagay ki senp

Nou vin diw men komanw ka pase tan avèk yo chak jou sanw pa fatigew tèlman

notano.2-fotono.1-consejos-para-una-vida-mas-sencilla-4-1024x731

1.Pwoteje dwèt yo,pa kite yo jwe nan pòt,jis mete yon bagay nan pòt la poul pa plede ouvèl femenl lè konsa dwèt li ka femen nan pòt la,sa pa bon pou yon ti bebe ap plede jwe ak yon pòt menm si nou pa bay sa enpòtans pafwa.

notano.2-fotono.1-consejos-para-una-vida-mas-sencilla-3

2.pwoteksyon tab ak chèz,sa pa bon lè yon timoun ap apran mache epi pa gen anyen nan kay la ki pou bare bò tab ak chèz yo depil al tonbe sou li lap blese,ou pa bezwen kolel jis metel janl vini an konsa wa evite yon aksidan.

3.mèb kizin:pa janm kite mèb nan kizin yo ouvè timoun nan ka vini li pran nenpòt bagay,mete elastik nan pòt mèb yo

4.pa kite yo fèmen pa andan pran yon elastik mete nan pòt la.

notano.2-fotono.1-consejos-para-una-vida-mas-sencilla-2

5.bouche kote ki gen priz elektrik yo ak tep timoun fè sa anpil mete men nan bouch yo apre metel tout kote yo jwenn imajijew sil te gen menl nan bouch li apre lal antre ti dwèt li nan priz la sa tap trajik anpil,ou ka pa kwè nou men sa te pase Lachin deja gen aksidan ou ka evite pa fè neglijans.

gen plis bagay toujou ou ka fè men jodi a nou kitew ak ti konsèy sa yo sèlman.