koman pouw dekore chanm ti bebe?

 

Ou se manman pa vre,ak premye bagay pouw panse se ak chanm timoun yo,se poutèt sa nou vle pataje avèw kisa ki pi enpòtan nan dekorasyon chanm yon bebe.

 

Koulè,evite mete gwo koulè nan chanm yo ,nan moman yo pral domi li ka fè yo mal pou domi,ou ka mete yon ti blan,gri woz ak ble sa pral depan ki sèks li ,sil se tifi oubyen tigason.

 

Notano.7-Que-deberías-fotono.2

 

Pa mete bagay frèt nan chanm yo tankou metal,vit,mab ak glas paske lap anvi touche tout sak nan chanm nan pou pa pran fredi epi poul pa blese.

 

Limyè,limyè natirèl se pi bon limyè kite ka egziste,toujou bat pou chanm timoun yo gen yon fenèt lap toujou pi bon pou santel gen viris se kote ki gen imidite yo rete.

 

NotaNo.7-Que-deberías-fotono.3

 

Epa tout bagay nou wè poun achte pou yon chanm ti bebe menm sil bèl ,sak pi enpòtan se achte saw bezwen plis la, pi devan wa achte plis bagay toujou.

 

tout sak andan chanm lan sipoze koton tankou soryè,dra koton se pi bon materyèl pou yon timoun piti, evite dra twal mounton kote ke fil yo ap plede tonbe sa pap bon ditou sitou si timoun nan renmen malad li ka alèji avè yo.

 

Notano.7-que-deberías-fotono.4-1024x900

 

nou espere ti konsèy sa yo ap fèw konpran sak bèl ak sak enpòtan pou yon ti bebe gen nan chanm li.
mesi paske w te li.