poukisa medam yo bezwen yon nèg ki gen matirite?

Gen yon envestigasyon sosyal ki jwenn poukisa medam yo plis wè nan yon gason ki pi gran pase yo lontan,sa anpil moun toujou ap di a se pa yon manti ,seke li pi fasil pou yo ede medam yo ak pwoblèm ekonomik yo.

 

Anpil fwa moun konn plis panse se pou lajan fi a ansanm ak nèg la men sa konn rive yo gen bon lanmou nan mitan yo.Menm jan wap jwenn gen gason ki pa janm soti ak fi ki pipiti ke yo,sa pa vle di yo pa gen lanmou youn pou lòt.

 

Men sa ki plis atire yon fi kay yon gason ki gen matirite:

1.pafwa se pou jan moun nan konpòtel ak anpil lòt bagay ankò tankou bab,byen kanpe ,rad li mete koman li aji ak lòt moun nan sosyete a.

2.yo plis abiye nòmal ke yon jèn gason.

3.li ka fè tout bagay pou kont li menm manje sitou nan sosyete nou a yo plis vle se fi ki pou fè manje lè moun nan rive nan yon laj li pa gen tout konplèks sa.

 

 

4.tan poul fè jalousi a pase ,li pa pral plede gade mesaj nan telefòn,relew chak tanw soti,pa kitew soti ak zanmiw gason ki gen matirite a plis fèw konfyans men fò pa abize moun nan poutèt sa.

 

5.li pa fè moun pèdi tan ,li plis bezwen fè bagay serye.

6.li gen ekperyans nan sèks sa ka edew jwi ak apran anpil bagay nan laviw.

 

7 yon gason ki gen matirite bay timoun piti yo plis atansyon,lespri yo nan lòt bagay epa men jan lèl te gen 20 lane li toujou gen yon ti histwa poul rakontew.Nou kapab di nèg sa yo plis bezwen yon fi pou fè vi yo epi pran relasyon yo pi serye ke lè yo te pi jèn.